Haïti : Message à la Nation du Président Martelly

Autre
Par Autre 15 Août 2013 17:39

Haïti : Message à la Nation du Président Martelly

150813-HaitiMercredi 14 Août était prévue une réunion de concertation sur le thème “Dialogue sur les Elections” entre les différents partis politiques et le gouvernement haïtien qui, comme son nom l’indique, visait à définir les modalités d’organisation des prochaines élections. Or, devant le refus des partis d’opposition de participer, l’exécutif a préféré annuler cette réunion. 

Suite à cette annulation, le Président Martelly a souhaité s’adresser à ses compatriotes en ces termes :

“AYISYEN FREM AK SE MWEN MANB PATI POLITIK YO,

Kounye ya, nou tout konnen sa, reyinyon ki pou te fet jodi-a, mekredi 14 out la, pa rive fet. Li pa fet paske gen pati politik ki te deklare yo pap vini patisipe, ni chita ak Presidan, pou pale de bagay ki enpotan pou peyi-a. Mwen di yo pot la rete louvri. Presidan peyi-a toujou pare pou li pale, tande, koute tout moun, tout pati. Si nou vle tout bon vre konseve et bay demokrasi jaret, tout moun, alawonbade, dwe montre, nan ak ya poze, ke yo pre pou yo itilize, nan lit politik la, tout zouti demokrasi bay, tankou bon jan diskisyon, brase lide, chita tande, nenpot ki kote, nan media tankou nan eleksyon.

Mwen voye yo gwo kout chapo pou tout pati ki te reponn ak envitasyonm nan. Mwen di yo yon gran mesi, mesi anpil. Yo te vle fem konnen yo responsab, yo renmen peyi yo, yo enterese nan zafe politik peyi yo. Mwen di yo, mwen pap pran anpil tan poum reyini avek yo. 

Au delà des rancœurs, des rancunes, des inimitiés de toute nature, nous devons être capables, comme responsables politiques, de tirer les leçons du « vécu ensemble » pour mettre en place les conditions durables du « vivre ensemble ». Pour cela, nous devons d’abord apprendre à nous parler, mieux, apprendre à nous écouter. Nous devons surtout poser les bonnes questions pour avoir les bonnes réponses.

AYISYEN FREM AK SE MWEN,

Kounye a nou nan period eleksyon. Bagay sa toujou bay ni pati politik, ni fanm ak gason vanyen ki vle vote, anpil tet chaje, anpil pwoblem. Se pou tet sa nou te vle fe yon chita tande ak lide politik yo. Paske nou pa vle gen chire pit nan eleksyon ankò.

Pou bagay yo mache dwat nan eleksyon, gen pawol, gen koze, fok nou mete yo kle pou tout moun. Se kisa yo ye ? An nou poze tet nou kek kesyon. 

  • Pou kisa tout KEP kip pase anvan yo paka janm fè eleksyon ki fini byen, pou tout moun bat bravo, tankou sa fet kay vwazen?
  • Pou kisa elekyon pa janm ka fet nan lè manman lwa peyi mande sa pou tout moun?
  • Pou kisa pou peyi ap depanse lajan li pa genyen pou fè eleksyon youn sou lot tout tan?
  • Pou kisa pou KEP preske tounen yon pope twel nan zafe elezsyon kap fet lakay nou ?
  • Pou kisa pou pati politik ap kale tankou djondjon nan yon ti peyi tankou Ayiti ? 

Mon administration a hérité de ces problèmes. Mais, elle ne souhaite pas qu’ils perdurent. Elle ne souhaite pas, non plus, les transmettre en l’état à ses successeurs. Si nous voulons engager irréversiblement notre pays sur la voie de la démocratie, nous devons de façon consensuelle résoudre ces problèmes de fond. Car, ils constituent, à nos yeux, les germes de l’instabilité politique exprimée périodiquement à travers des crises postélectorales, des crises de succession et autres agitations qui ont jalonné notre histoire récente au cours des vingt dernières années.

Soti nan lane 1987 pou rive nan lane 2010 , peyi ya pase anpil KEP ki se konsey Elektoral Pwovizwa. Nou rate 4 okazyon (1990, 1994, 2000, 2006) pou nou mete Konsey elecktoral Pemanan , jan Konstitisyon nou an ekzije l. Sa pat rive fet, menm si tout asanble seksyon kominal yo te anplas an 1990, 1994, 2000 e 2006. Pou ki sa Konsey Pemanan pat janm ka monte ? Nou pedi yon paket tan ke nou ta kapab itilize pou fe lot bon bagay pou peyi-a. Le nou di : Nou pedi tan, pati politik nou yo ladann tou.

Nou konstate tou ke depi plis 20 lane, pati politik yo pa janm dako ak eleksyon Konsey Elektoral Pwovizwa yo fe yo paske yo toujou kritike paspouki, move konpotman responsab, ak dirijan KEP yo. Se toujou tet chaje apre eleksyon, se deblozaj, se gro kouri, se tsunami politik… 

Chers compatriotes,

Depuis les élections de 1995, le refrain des partis politiques est toujours le même. On conteste le CEP, on conteste ensuite les élections. Apres les élections, on conteste les élus. Apres, on conteste l’Exécutif.

Aujourd’hui, la grande nouveauté, c’est que certains partis commencent à contester l’Exécutif par anticipation sans attendre les élections.

Manman lwa peyi a mande pou nou fe eleksyon pou prezidan apre senk rekot kafe, pou nou fe eleksyon pou Depite ak manm Kolektivite yo apre kat rekot kafe, pou nou fe eleksyon pou Senate yo apre de rekot kafe.
Manman lwa peyi fe bagay la yon jan pou le gen eleksyon pou trant senate ansanm, 
Genyen 10 ladan yo ki la pou 6 zan
Genyen 10 ladan yo ki la pou 4 lane
Genyen 10 ladan yo ki la pou dezan.
Yo te fè eleksyon pou trant senatè nan lane 2006. Depi lè sa a tout moun konnen konbyen tan yap fè. Depi lè sa a tou, manman lwa peyi bay ki dat pou eleksyon yo fèt, ki lè manda yon senatè fini. 

Genyen yon bann jwet koken ki fet nan tan ki pase yo. Nèg te pwofite pouvwa chef yo pou yo mete degi sou manda yo. Yo fè yon bann dezod. Sa vin fè eleksyon pa janm ka fèt nan lè manman lwa peyi-a mande l. 

Mwen vin jwenn yon bagay melanje, yon bagay tet anba. Si nou pa chita pou nou korije dezod sayo, peyi-a pral oblije fe, pou pipiti, yon eleksyon chak lane, soti nan lane 2013 rive nan lane 2020. 

Est-ce que le pays peut s’offrir des élections chaque année ? Est-ce que les partis politiques ont la capacité de faire face à des échéances électorales si rapprochées dans le temps ? Ensemble nous devons pouvoir répondre à ces questions .

Le projet démocratique porté par la constitution de 1987 est fondé, entre autres, sur l’existence et l’enracinement de partis politiques forts, représentatifs, structurés autour de courants idéologiques affirmés et assumés. Ce projet ne repose pas sur des groupes, groupements, regroupements ou plateformes qui, par leur caractère éphémère et conjoncturel, ne facilite guère la stabilité politique.

Nous avons assisté à partir de 1986 à une fragmentation continue de notre paysage politique. En effet, le nombre de partis politiques légalement reconnus est passé de 7 en 1956 à 120 en 2013. La fréquence des demandes de reconnaissance augmente en périodes d’élections. 

Parallèlement à l’augmentation du nombre de micro partis politiques, nous avons assisté à une relative structuration des courants d’expression politique. A partir de 1986, cinq grandes tendances se sont manifestées sur la scène politique : la tendance Libérale, la tendance Nationale, la tendance Socialiste, la tendance Communiste, la tendance Chrétienne. 

Avec la chute du mur de Berlin en 1989, nous allons assister à une consolidation progressive du courant social-démocrate. Ainsi, à partir de 1990, il y eut une reconfiguration des courants d’expression marquée par le positionnement du RDNP autour de la démocratie chrétienne, l’émergence de partis sociaux démocrates (PANPRA, KONAKOM) une recomposition du courant communiste autour de Gérard Pierre Charles, de René Theodore et des Communautés ecclésiales de base (Ti Legliz).

Comment justifier ce pullulement de partis politiques alors qu’il y a une contraction des courants d’expression ?

Ant 1990 e 2010, nou oganize 5 élections pou presidan , 5 éleksyon pou senate ak depite. Li enteresan pou nou we ki reszilta pati politik yo bay, konbyen depite yo te te mete nan palman an. Sa ap pemet nou konprann ki jefo ki pou fet pou nou gen pati politik djanm ki gen bon jan rasin nan pep la sou tout teritwa-a. Pandan 20 lane, nou tout ki enterese nan politik, nou ka konprann sam pral di nou la a :

  • Nan 20 an, pa gen okenn pati politik ki rive mete sou poupwa yon Presidan e ki rive kenbel sou pouvwa jis le manda l bout ; 
  • Pandan tan sila -a, se platfom selman ki pemet gen yon majorite nan Palman Nou tout nou konnen, yon platfom se yon kowalisyon pati politik kip pa janm dire ;
  • Pandan 20 an, sa pa rive souvan ke pati politik yo genyeb anpil reprezantan nan Paleman ; 
  • Si yon pati poliik bezwen 10 depite pou li ka fome yon group nan Chanm depite ya, selman 3 Patis politik nan lane 2006 te rive fe sa. Nap site : Fusion des sociaux –démocrate (17 depite), OPL (11 depite), UNION (10 depite). Men se selman OPL ki te reyisi kenbe group li-a ; tout lot yo te gaye ou yo fonn tankou be ;
  • Nou konstate tou ke li difisil anpil pou pati politik yo yon Depite retounen nan Palman apre yon eleksyon. Platfom FNCD te gen 27 Depite an 1990-1994, li tonbe ak 2 depite en 1995-1999. La Fanmi Lavalas te gen 72 Depite an 2000 ; li disparet net en 2006 et an 2010. Menm bagay pou FUSION kip pa bay anyen an 2010 alos ke li te gen 17 Depite en 2006.

Mwen ta renmen ke pati yo rankontre, yo fe dyalog, pou yo cheche konprann sakap pase yo konsa. Pati politik , se yon gwo moso nan sistem politik pa nou an. Si li anfom, gen anpil chans pou sistem nan mache byen. Nou pa ka chanje sistem nan si pati politik yo pa djanm.

Je termine ma présentation en faisant un survol de notre système électoral. A partir de 2006, des éléments de modernisation importants ont été introduits, notamment : 

  • L’émission d’une carte électorale digitalisée, infalsifiable ;
  • L’établissement d’une Base de données des électeurs (5 millions en 2013), actuellement gérée par l’ONI ;
  • Un système antifraude basé sur la comparaison d’empreintes ;
  • L’émission de listes électorales avec photo.

Tout cela ne doit pas cacher les problèmes récurrents qui, non résolus, peuvent affecter la fiabilité des élections :

  • Les possibilités de votes frauduleux par la non épuration de la base de données des électeurs, car les personnes décédées depuis 2006 figurent encore sur nos listes électorales ;
  • L’affaiblissement de la capacité d’émission de cartes par l’ONI ;
  • La difficulté de l’articulation, en période électorale, entre l’ONI gestionnaire de la base de données et le CEP utilisateur de services ;
  • Le morcellement du processus électoral qui dilue les responsabilités en cas de défaillance et rend difficile la tache de coordination dévolue à l’Institution électorale ;

Les élections de 2010 ont montré les défaillances structurelles de notre système électoral. La mission de l’OEA sollicitée par le Président Préval sur les élections de 2010 a documenté les irrégularités suivantes :

  • Altération / surcharge des Procès-verbaux par le personnel des bureaux de vote ;
  • Bourrage d’urnes dans les bureaux de vote. On a recensé 118 bureaux avec 400 votants et plus, alors que la moyenne nationale était de 80 votants/ bureaux ;
  • Les résultats ont été publiés alors qu’environ 1,045 bureaux de vote n’ont pas été comptabilisés, parce que ces Procès-verbaux étaient portés manquants.

Je devrais ajouter que mon Administration a du intervenir pour exiger le respect des résultats des urnes pour 17 Députés et 1 Sénateurs. De plus, du fait du comportement partisan de certains Conseillers, les circonscriptions des Abricots, de Belladère, de Carice et de Jacmel ne sont pas représentés dans la 49e Législature.

A l’heure ou nous parlons est-ce que les partis politiques qui vont solliciter bientôt vos suffrages dans les élections à venir ont le souci de prévenir les dérives documentées pendant les scrutins de 2010 ?

AYISYEN FREM AK SE MWEN
Mwen sot esplike nou pwoblem kap brase bil peyi nan zafe eleksyon depi pase plis ke 20 lane. Se nou tout ansanm ki dwe chita pou nou rezoud yo, pou sispann gen chire pit nan eleksyon. Peyi a se pou nou tout. Fok nou tout ka viv ladann nan ke poze.
Se pou sa mwen te vle pale ak pati politik yo maten an. Si yo te la maten an, nou ta pral pale bagay pa yo, tankou :

  • Lwa ak regleman ki pou eleksyon yo ;
  • Kijan pou leta finanse aktivite pati politik ;
  • Ki jan pou nou mete lod nan eleksyon yonn sou lot yo ;
  • Eske se yon bon bagay pou gen moun ki gen manda 2, zan, 4 an , 5 an , 6 zan ;
  • Mwen regret anpil jan bagay pase maten an. Pot la paka femen, paske pwoblem yo la e se ansanm pou nou rezoud yo. 

Fok nou rezoud yo anvan eleksyon ki pral fet nan fen ane 2013 la. Se pou tet sa, te genyen yon antant politik, pou mete kanpe nan dat 5 avril 2013 Le Conseil Transitoire du Conseil Electoral Permanent. Konsey sa genyen yon sel misyon : fe eleksyon pou senate ak manm kolektivite yo. Li pa la pou li fe politik. Li la pou li fe eleksyon. Mwen rankontre yo nan jou ki pase yo. Mwen mande yo demele yo kou met janjak pou fe elksyon yo nan fen ane 2013. Se nan eleksyon pou pati politik pran pouvwa. 

FREM AK SEM MWEN peyi se pou nou tout li ye. Se ansanm pou nou ranje li, se ansanm pou nou chanje sa ki merite chanje.

Viktwa se pou Pep la !
Viv Ayiti “

Autre
Par Autre 15 Août 2013 17:39